Paj Konsesyonè Machin Elektrik MassCEC yo:

Demann pou machin elektrik (EV) ap grandi rapidman. Men ti konsèy ou yo pou ou rete devan epi vann pi byen.

KONKONKONTRA A AK JISKA
$6,000 AN ANKÒMANSMAN POU VWAYAJ ELEKTRONIK

Gwo ankourajman leta yo ap pouse plis kliyan nan Massachusetts vin achte machin elektrik. Genyen biznis yo epi jenere nouvo kliyan potansyèl lè w enskri konsesyonè'w la nan pwogram MOR-EV la. Y ap prezante w kòm yon espas kote kliyan yo ka aplike rabè sou machin elektrik nèf, itilize, ak lwe nan pwen vant lan.

wench-double-icon

ELAJI KONESANS EKIP OU A

Prepare ekip ou a pou l reponn kesyon kliyan yo
epi ranfòse konfyans li nan teknoloji.

Fòmasyon sou Vant Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV)

Aprann baz Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV) yo, konsa w ap ka reponn kesyon kliyan yo genyen sou otonomi, sekirite, pri pou yo genyen l ak anpil lòt ankò. Anplis de sa, dekouvri avantaj ak ensitasyon konsènan Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV) yo k ap ede ekip ou a vann youn.

Klas ElectrifiQ yo

Pwogram yo a fèt pou ede anplwaye lavant yo vin ekspè nan machin elektrik ak resous lokal pou chofè yo.

Aprann plis ›

Klas PlugStar

Anplwaye ki resevwa fòmasyon nan PlugStar vann kat fwa plis machin elektrik pase anplwaye ki pa resevwa fòmasyon.

Anplis, w'ap jwenn yon lis priyorite sou paj konsesyonè PlugStar la pou jenere nouvo kliyan potansyèl.

Aprann plis ›

Resous konsomatè

Ou ka bay kliyan yo lyen ki mennen nan paj EV rezidansyèl nou an oubyen paj rechaje nou an pou yo ka eksplore poukont yo.

Fòmasyon pou Teknisyen Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV)

Pa aji menm jan ak konkirans lan, pwopoze antretyen Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV) yo nan atelye ou a.

Sant Devlopman Karyè Otomobil Worcester la

Atelye reparasyon endepandan yo ka enskri nan yon kou reparasyon EV GRATIS ki kouvri kijan pou fè dyagnostik, fè antretyen, epi repare machin elektrik lejè yo.

Aprann plis ›

Gwoup Teknoloji Veyikil Avanse a

Pran kou sou entènèt nan rit ou pou aprann konpozan ak sistèm machin elektrik ak ibrid yo.

Aprann plis ›

ev-charging-point-icon

ÈSKE W PARE POU W ENSTALE ESTASYON POU CHAJE POU VEYIKIL ELEKTRIK (ELECTRIC VEHICLE, EV)?

Nou kreye yon gid etap pa etap sou kisa pou w konsidere nan planifikasyon pòs travay ou a.

Jwenn jiska $100,000 nan ankourajman pou chaje

Enstale chajè pou machin elektrik nan konsesyonè w la ka koute chè, men ankourajman ka ede'w diminye pri a.

Electric car connected to a public EV charging station in a modern urban parking area.
car-icon

7 KESYON YO PLIS POZE SOU VEYIKIL ELEKTRIK (ELECTRIC VEHICLE, EV) —
EPI KÒMAN POU W REPONN YO

Nou te mande konsesyonè yo ki kesyon kliyan yo poze plis.
Men kijan pou w reponn an tout konfyans.

Last updated March 2026

1. Ki distans yon machin elektrik ka ale ant chak rechaj?

Piske yon rezidan Massachusetts an mwayèn kondui 210 mil pa semèn, pifò chofè yo sèlman bezwen chaje machin elektrik yo yon fwa pou kouvri vwayaj yo chak semèn. Si w ap prepare'w pou yon vwayaj ki pi long, gen bonjan resous tankou A Better Route Planner pou ede w planifye vwayaj ou epi jwenn chajè konpatib sou wout la.

2. Ki kalite antretyen machin elektrik yo bezwen?

Paske machin elektrik yo gen mwens pyès, yo mande anpil mwens antretyen pase machin ki mache ak gaz. Dapre Consumer Reports, pri antretyen pandan tout lavi yon machin elektrik se apeprè mwatye pri yon machin ki mache ak gaz. Sèl antretyen regilye ou pral bezwen enkyete'w pou li se vire kawotchou ou yo epi ranpli likid eswi glas ou. Se vre: pa gen chanjman lwil!

3. Konbyen li koute pou chaje yon machin elektrik?

Pri pou chaje yon machin elektrik depann de si w'ap chaje machin ou lakay ou oubyen sou wout la, efikasite batri modèl machin ou an, ak ki kalite chajè w'ap itilize a. Sepandan, nan nenpòt nan ka sa yo, pri pou chaje yon machin elektrik anjeneral pi ba pase pri pou plen gaz.

Pou kapab wè pri pou esans pou spesifik modèl Machin Elektrik, vizite https://fueleconomy.gov/feg/savemoney.jsp

Kesyon Kontinye...

4. Konbyen tan batri machin elektrik yo dire?

Pifò fabrikan yo pwopoze kounya omwen 8 lane oswa 100,000-mayl garanti sou gwoup motopwopilsè Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV) yo, ki gen ladan l batri, menmsi garanti sa yo ka otorize kèk pèt otonomi pandan tan ap pase. Depatman enèji a prevwa, jodi a, batri machin elektrik yo ap dire 12-15 lane.

Puiske laj mwayèn tout machin transpò pasaje Ozetazini se 12.5 lane, ou ka pa janm bezwen enkyete w pou w ranplase batri Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV) ou a, menm si Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV) ou achte a pa nèf.

5. Kòman mwen ka chaje yon Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV) antanke yon lokatè?

Gen plizyè opsyon pou lokatè yo chaje Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV) yo a:

  • Chaje an piblik: itilize zouti tankou PlugShare pou w jwenn estasyon rechaj piblik yo (menm sa ki gratis yo).
  • Chaje nan espas travay: gen yon kantite patwon, kantite sa ap ogmante, ki ap enstale estasyon pou chaje nan espas travay yo, souvan avèk finansman oswa ensitasyon ki soti nan eta ak nan men gouvènman federal la.
  • Chaje lakay ou: plis batiman apatman ap ajoute chajè pou Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV) kòm yon avantaj, men lokatè ki pa gen opsyon sa ka pale ak pwopriyetè imobilye yo a pou yo ka kòmanse pwosesis la. Pou w jwenn plis enfòmasyon, konsilte gid nou an sou kijan pou chaje Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV) nan lojman kolektif yo.

6. Nan ki nivo machin elektrik yo fyab nan sezon ivè?

Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV) yo rete trè fyab nan sezon ivè, men otonomi yo redui. Lè tanperati yo bese, tout machin, kit li ak gaz kit li elektrik – vin manke efikas. Tou depan de modèl la ak kondisyon yo, gen kèk machin elektrik ki ka redui otonomi yo a 30-50% pandan yon tan. Ou ka prepare pou sa a lè w prechofe Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV) ou a lè li branche, lè w chaje l pi souvan, epi/oswa lè w pran lòt mezi pou ogmante otonomi li nan tan frèt.

Pou plis trankilite lespri, ou ka chèche veyikil ki pi wo parapò ak tè a oswa yon transmisyon entegral pou ede w kondi ak plis konfyans pandan tanpèt nèj. Gen etid ki montre tou ou ka mete kawotchou pou nèj nan nenpòt Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV), selon etid sa yo, sa se chwa ki pi enpòtan ou te ka pran pou w kondi an sekirite nan sezon ivè.

Li gid nou an sou kòman pou w kondi Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV) nan sezon ivè pou w aprann plis.

7. Kisa frenaj rejeneratif ye?

Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV) yo itilize frenaj rejeneratif, pafwa yo rele yo "konduit ak yon sèl pedal," pou reprann mayl otonomi. Frenaj rejeneratif se lè ou retire pye w sou akseleratè a epi gen yon mekanis ki entegre nan machin lan pou rekipere enèji nan pwòp elan li yon fason pou l rechaje batri li a. Anfèt, batri ou ap chaje pandan machin ou ap ralanti.

Pou itilize frenaj rejeneratif la, ou dwe lage akseleratè a tou dousman lè ou vle ralanti oswa kanpe. Veyikil Elektrik (Electric Vehicle, EV) yo toujou ekipe ak yon pedal fren, kidonk ou ka itilize li tou si ou bezwen plis pwisans frenaj.

Nou la pou ede kliyan ou yo tou.

Voye chofè yo nan seksyon Machin Elektrik sou sitwèb Clean Energy Lives Here nou an. Y'ap jwenn enfòmasyon sou ankourajman, kesyon yo poze souvan, resous pou chaje, ak plis ankò.