Chajè pou Plas Travay & Komèsyal

Kit w'ap bay kèk machin elektrik kouran, w'ap elektrifye yon flòt machin, oubyen w'ap chache ajoute yon estasyon rechaje pou machin elektrik nan biznis ou, men sa pou'w konsidere.

icon-people

Ki moun mwen ta dwe kontakte pou kòmanse?

Planifikasyon pou rechaje elektrik kapab konplike, men li pa oblije konsa. Envite bon patnè yo byen bonnè pou ede 'w pandan w'ap planifye enfrastrikti rechaje'w la. Sa enkli:

Founisè sèvis piblik ou a

Si ou deside rechaje elektrisite se yon bon opsyon pou biznis ou, kontakte founisè sèvis piblik ou a. Yo kapab ouvri:

  • Konsiltasyon ak sipò pou planifikasyon
  • Preparasyon sit la
  • Avantaj finansyè

Pwopriyetè oubyen responsab pwopriyete'w la

Si biznis ou a lwe espas ou a, ou pral bezwen envite pwopriyetè a anvan ou kòmanse nenpòt travay enstalasyon.

solar-battery-icon

Ki pwisans ak vitès chaj mwen bezwen?

Gen twa kalite debaz pou chaje machin elektrik ou ka chwazi pami yo, klase dapre sa ki pi bon pou flòt machin mwayen ak lou.

Commercial electric vehicle charging station with electric delivery vans parked and charging.

Chaje Nivo 3 (Kouran Dirèk Rapid):

  • Disponib sèlman pou kote rechaje komèsyal ak piblik yo.
  • Ka mande amelyorasyon sèvis elektrik pou kouran twa faz.
  • Ideyal pou machin mwayen, machin lou, oswa machin lejè ki fonksyone plizyè jou, piske yo ka tipikman chaje nan youn a de zè. Machin lejè yo ka anjeneral rive nan 80% chaj rekòmande a nan mwens pase inèdtan.
Wall-mounted residential EV charging station installed on a brick wall with electric car plugged in.

Chaj 2 zyèm nivo:

  • Kalite ki pi komen ke biznis an detay yo itilize.
  • Ofri ase chaj nan yon vitès ki sifizan pou sipòte pifò flòt yo.
  • Ka itilize pou machin lejè, mwayen ak lou.
  • Ou ka bezwen amelyore sèvis elektrik si w ap enstale plizyè chajè.
  • Ideyal pou chaje lannwit lan oswa si chofè yo gen kèk èdtan, piske yo pran ant 4-10 èdtan pou rive nan 80% chaj rekòmande a.
Electric car charging from a wall outlet with portable EV charger cable beside a brick building.

Chaj 1ye nivo:

  • Apwopriye pou machin lejè ki gen wout kout, men pa pou machin mwayen.
  • Yo pi abòdab pou enstale, piske yo pa bezwen anyen plis pase priz 120V estanda.
  • Ideyal si chofè yo ka chaje tout lajounen oubyen lannwit lan, piske yo ka pran plis pase 24 èdtan pou yo jwenn 80% chaj ki rekòmande a.
  • Ka chaje ant 2 a 5 mil distans pa èdtan.
ev-charging-point-icon

Konbyen l ap koute pou enstale epi eksplwate yon estasyon pou chaje?

Enstale estasyon rechaje machin elektrik pou premye fwa kapab yon gwo envestisman, men yon fwa ou fin fè travay preparasyon an, li fasil pou ajoute plis chajè oubyen kenbe sa ou deja genyen yo. Erezman, genyen tou ankourajman pou ede diminye depans pou biznis yo.

Men ki kalite depans ou ka espere:

Enstalasyon & Ekipman:

Pri ekipman chaje pou machin elektrik yo varye anpil selon kalite ekipman chaje a, men achte an gwo ka ede diminye pri a. Selon Laboratwa Nasyonal Argonne, pri ekipman chaje ka varye ant $4,900 pou chak konektè chaje Nivo 2 (ploge ki konekte yon machin elektrik ak plato a) ak $87,800 pou chak konektè chaje rapid DC. Pri enstalasyon yo ap varye. Ou ka itilize ankourajman pou diminye pri inisyal sa a.

Operasyon:

Pou bay yon estasyon rechaje kouran epi fè 'l fonksyone, biznis yo anjeneral bezwen konsidere bagay sa yo:

  • Pri pou enèji
  • Siveyans itilizasyon ak yon sistèm pwen de vant pou chajè ki disponib piblikman
  • Pri lojisyèl (si ou chwazi yon plato entelijan)
  • Antretyen:
  • Retire nèj
  • Asirans
icon-location

Ki kote mwen ta dwe enstale estasyon pou chaje mwen an?

Pi gwo konsiderasyon yo lè w'ap chwazi ki kote pou mete estasyon rechaje'w la se:

Outdoor electrical utility cabinets installed near a building for power distribution.

Disponibilite Elektrisite:

  • Pwòksimite ak sous kouran yo (tankou panno elektrik oubyen transformateur) enpòtan lè w'ap detèmine pri enstalasyon chajè yo. Founisè sèvis piblik ou a ka ede ou konprann sa si ou pa sèten.
  • Mete ekipman chaje toupre koneksyon kouran ki deja egziste yo ap diminye depans ak tan enstalasyon, sitou si sous kouran ou an gen kapasite rezèv pou ou pa pral bezwen mizajou elektrik.
Close-up of two electric vehicle charging connectors mounted on a public EV charging station.

Kapasite montaj:

  • Chajè ki monte sou miray yo jeneralman koute mwens pou achte ak enstale, kidonk yo se yon bon opsyon si zòn pakin biznis ou a sitiye toupre yon miray.
  • Selon gwosè flòt ou a, ou ka vle konsidere opsyon montaj doub oubyen plizyè pò ki ka chaje plizyè machin alafwa. Sa ka diminye pri pou chak enstalasyon tou. Pafwa, w'ap bezwen amelyorasyon elektrik pou sipò sa yo, men si w gen plan pou enstale plis chajè nan lavni, yo ka yon bon envestisman.
Utility worker in a bucket truck repairing overhead electrical power lines.

Opsyon pou Konstriksyon:

  • Konsidere kantite travay ou ta bezwen fè sou chantye a pou enstale chargè yo, tankou fouye twou pou tiyo anba tè pou konekte estasyon chargeur ou a ak panèl elektrik ou a, amelyore enfrastrikti elektrik ou a, oubyen kreye yon chemen pave aksesib pou ale nan estasyon chargeur la.
  • Si ou bezwen fouye, li pi bon pou chwazi kote ki gen tè mou tankou medyan zèb (olye de twotwa oubyen asfalt) pou ede diminye depans yo.
Electric SUV plugged into a public EV charging station in an outdoor parking area.

Pwoteksyon Anviwònmantal & Sekirite:

  • Li ideyal pou limite ekspozisyon estasyon chaje ou a nan move tan lè sa posib.
  • Ekipman chaje yo fèt pou yo an sekirite nan anviwònman mouye, men li pi bon pou evite enstale chajè nan zòn ki gen tandans pou inondasyon.
Blue accessible parking curb ramp with wheelchair accessibility symbol painted on pavement.

Aksesibilite:

  • Lè w ap chwazi yon kote pou'w chaje machin ou, bay priyorite a yon zòn ki aksesib pou chèz woulant pou tout anplwaye ak kliyan yo ka itilize chajè yo.
  • Si'w gen plan pou ouvri estasyon rechaje'w la pou kliyan oubyen anplwaye, estasyon an ka bezwen konfòm ak ADA. Aprann plis sou sitwèb US Access Board la.
ICON

Kijan mwen ka rekipere depans mwen yo?

Gen plizyè fason pwopriyetè estasyon rechaje yo ka rekipere kèk nan depans enstalasyon ak enèji yo, men sa depann de si chajè ou yo disponib pou piblik la.

Estasyon rechaje prive:

Enstalasyon solè yo ka ede konpanse depans enèji pou chaje machin elektrik yo. Selon founisè sèvis piblik ou a, ou ka fè aranjman net-metering atravè pwogram SMART Commonwealth la epi touche kredi enèji ki ka vo plizyè santèn dola chak ane.

Chajè ki disponib pou piblik la:

Si kliyan yo ka itilize estasyon rechaje ou yo, ou ka konfigire yo pou itilizatè yo peye yon frè ki baze swa sou enèji yo bay la (kWh), yon pri fiks pa sesyon, ak/oswa pa kantite èdtan yo konekte ak ekipman rechaje a. Anpil biznis ak vil yo prefere konbine estrikti frè sa yo pou ede limite kantite moun k ap itilize espas la tout lajounen. Pa egzanp, yo fikse yon pri fiks pou kat premye èdtan yo epi answit yo fikse yon pri ki pi wo pou nenpòt èdtan apre sa. Sa pèmèt plis kliyan sèvi ak estasyon an epi konpayi sèvis piblik yo pi byen jere chaj elektrik la.

Kontakte manifakti ekipman chaje ou a pou wè si gen yon opsyon pou kolekte frè yo. Si ou deside pran chemen sa a, aprann plis bagay sou fason pou fikse frè ak règleman yo isit la.

Yon lòt opsyon pou chajè piblik yo se mete piblisite sou yo. Gen kèk modèl ekipman chaje ki gen espas pou piblisite, swa sou ekipman an li menm oswa nan yon kowòdone aplikasyon. Pwopriyetè ekipman chaje yo ka lwe espas sa a pou jenere revni. Biznis yo kapab tou fè pwomosyon estasyon rechaje yo sou kat rechaje piblik yo (tankou Plugshare). Sa ankouraje chofè machin elektrik yo pou yo kanpe epi pase tan nan magazen yo pandan machin yo ap chaje.