Antrepriz mwen an pa gen yon flòt. Kijan estasyon pou chaje yo ka ede m?
Kliyan machin elektrik yo pase jiska 50 minit anplis nan magazen yo pandan y'ap itilize stasyon rechaje yo pase kliyan nòmal yo. Anplis, 43% nan chofè Machin Elektrik yo gen chans pou yo retounen nan yon magazen chak semèn si gen pwen chaj pou Machin Elektrik yo.
Chajè Machin Elektrik yo se yon gwo avantaj pou anplwaye ou yo tou. Non sèlman sa fè vwayaj yo pi fasil, men li montre tou talan potansyèl yo ke biznis ou a gen sousi pou dirabilite.
Biznis yo kapab tou jenere revni atravè piblisite sou ekran oubyen chajè ki gen frè pou itilizasyon.
Ki ensitasyon ki genyen pou enstalasyon estasyon pou chaje nan MA?
Biznis yo kalifye pou ankourajman leta, federal ak sèvis piblik ki ka potansyèlman kouvri jiska $100,000 nan pri enstalasyon chajè. Vizite paj ankourajman nou an pou aprann plis.
Kisa antrepriz mwen an ta dwe konsidere lè l ap enstale estasyon pou chaje?
Gen plizyè faktè pou konsidere lè w'ap enstale chajè, tankou nivo chaj ki nesesè a, kote estasyon an ye, aksè, pri enstalasyon yo, ak estrateji pou rekipere depans yo.
Vizite gid Stasyon Chajè nou an pou yon detay sou faktè sa yo.
Mwen pa pwopriyetè yon antrepriz, men mwen ta renmen wè patwon mwen enstale estasyon pou chaje. Kisa m ka fè?
Gen anpil rezon pou pwopriyetè biznis yo enstale chajè, men atire anplwaye ak kliyan oubyen lokatè se youn nan avantaj prensipal yo. Lè'w montre enterè'w nan chajè machin elektrik yo, sa ka pouse pwopriyetè biznis yo pou yo ajoute yo.
Ou kapab pale ak pwopriyetè a tou sou lòt avantaj enstalasyon chajè pou machin elektrik yo, tankou jenere revni atravè piblisite oubyen frè, bati fidelite kliyan, epi pwofite ankourajman pou biznis k'ap chaje pandan yo disponib.
Pou aprann plis bagay sou chajè EV ki peye pou itilizasyon an, gade Gid pou pwopriyetè-operatè yo nan Massachusetts.
Mwen se yon pwopriyetè yon antrepriz, men mwen lwe espas m ap fonksyone a. Èske mwen ka toujou enstale estasyon pou chaje?
Trè pwobab! Massachusetts gen yon lwa "Dwa pou chaje" ki anpeche kò gouvènans yo entèdi oubyen mete restriksyon sou enstalasyon chajè EV yo. Legalman, lokatè yo gen dwa mande enstalasyon chajè pou machin elektrik epi pwopriyetè kay la oblije akomode demann ou an yon fason rezonab. Li pa garanti ke w'ap kapab enstale chajè, men moun ki jere pwopriyete yo ap vin pi ouvè a demann sa yo pandan demann pou chaj machin elektrik ap grandi.
Si'w lwe espas ou a, yon lòt opsyon se chaje mobil, ki fèt pou bay yon sistèm chaj semi-pèmanan pou ede pwopriyetè flòt yo pran elektrisite san yo pa bezwen fè gwo envestisman imedya nan enfrastrikti.